Lavi antoure nou nèt ! Ke se anba dlo, anba nenpòt ti wòch, nan lè n ap respire a, nan tè ki anba pye nou an, anndan, deyò e odsi nenpòt ti brenn zèb, nou gen prèv endiskitab ke lavi toupatou. Re-konesans sa ede nou konprann ke noumenm tou nou fè pati lanati. Atitid nou anvè, alò, toujou ak atitid nou anvè pwòp tèt, pou n pa di anvè mounite an jeneral.
Reyisit yon pèp an jeneral depann de relasyon li genyen ak lang li. Donk, reyisit pèp Ayisyen an depann de relasyon li genyen dabò ak Kreyòl la answit ak lòt lang yo. Se pou sa yon depatman lang/lengwistik nan SantRova enpòtan anpil.
Poukisa nou egziste ?
Objektif premye depatman lang nan SantRova se moutre ki enpòtans aprantisaj nan lang premye yon moun genyen epi fè konesans ak lòt lang tou. Epi nou vle moutre kòman lang marye ak kilti, ak devlòpman, sa ki vle di pa ka gen kilti san lang, pa ka gen devlòpman dirab san lang.
Nan depatman lang lan, nou vle
- Moutre enpòtans lang nan lavi moun, ak enpòtans lang kreyòl nan lavi chak Ayisyen anpatikilye.
- Aprann konnen lang kreyòl se pi bon zouti pou Ayisyen pwodwi, fè lasyans elt…
- Fè yon tradiksyon dokiman yo ki ap reflete travay la nan yon kreyòl senp, bazilektal (rejyonal).
- Analize yon seri manyèl eskolè pandan n ap kalke l ak reyalite peyi a nan tout sans.
Nou atann nan kèk ane ankò, 5 an pou pi piti, pwoblèm lang lan, kreyòl an patikilye, rezoud lakay tout moun ki frekante SantRova gras ak yon seri aktivite ki ap gen pou fèt. Sa pa vle ditout moun pral pale tout lang, men se pito kraze tout jijmann valè ki gen sou lang. Tankou nou abitye tande kreyòl pa lang, espanyòl se pi bèl lang elatriye…
Deskripsyon aktivite yo
Deskripsyon aktivite yo Pou nou kapab ede moun yo gen plis familyarizasyon ak bon jan kreyòl la, nou konte reyalize ansanm aktivite sa yo:
1. Konferans/deba.
2. Kozri.
3. Pwodiksyon tèks kreyòl.
4. Prezantasyon tèks (dokiman, liv, revi an kreyòl).
5. Prezantasyon kontni tankou fim, emisyon, atik, dokimantè ki soti an kreyòl oubyen ki soti nan lòt lang men ki tradwi an kreyòl.
6. Diskisyon sou pwovèb ak ekspresyon idyomatik.
7. Prezantasyon sou pèsonalite ki enpòtan nan zafè kreyòl (sineyas, moun ki fè dokimantè, fotograf, tradiktè, powèt, womansye, aktè, jounalis, eseyis elt…).
8. Pwojeksyon/tradiksyon fim ak dokimantè an krey l.
9. Tradiksyon liv ak atik ki enpòtan an kreyòl.
10. Revizyon liv eskolè ki ap sèvi nan aprantisaj la.
Rechèch
Kat tach DPRS:
- Konsèvasyon ak valorizasyon : n ap mete konesans ak sous konesans ki egziste deja yo anvalè
- Rechèch ak entèpretasyon : n ap fè ankèt ak eksperimantasyon ki fasilite dekouvèt epi n ap entèprete ide ak pratik nou dekouvri yo
- Revizyon : n ap analize ide ak pratik ki etabli deja yo anba limyè vizyon nou ak nouvo dekouvèt nou fè yo
- Edikasyon : n ap mete kominote a okouran e pwopoze nouvo pratik pa mwayen piblikasyon, konferans ak seminè.
N ap byen kowòdone tout sa nou fè e n ap mete anpil swen pou nou devlope plan ki solid e ki vize lwen.
Stratejik
DPRS ap sitou apiye sou chema psikospirityèl sila a, ki konstitiye baz filozofik SantRova. Chema a dwe li kòm si chak eleman te yon pwen sou yon aks x ak y, kote moveman nan nenpòt direksyon, ke orizontal, ke se vètikal, revele yon lyen pandan l ap pwodui yon rezilta enpòtan.
Depatman pou devlòpman ak fòmasyon timoun
Chèche verite ak bote se yon kad aktivite ki pèmèt nou viv tankou timoun pandan tout lavi nou.
Albert Einstein
Nan Depatman pou devlòpman ak fòmasyon timoun nan, n ap prepare timoun Tirivyè yo pou yon vi ki rich e pwodiktif. Atravè divès club tankou club syans, club echèk, club literè, elatriye, ansanm ak anpil lòt aktivite konstriktif, n ap inisye timoun yo nan yon tradisyon entèlektyèl ki ankouraje kiryozite ak panse kritik ki baze sou yon devosyon total ak laverite, bote, kolaborasyon ak jistis.
Depatman pou devlòpman ak fòmasyon timoun nan kanpe sou menm baz filozofik ki soutni misyon SantRova. Alò, tout aktivite depatman an yo ap bati sou menm chema psikospirityèl la.

Divès club nou yo
Club sa yo dezinye pou timoun premye ane fondamantal, senkan pou pi piti, uitan pou pi gran. Club yo ap rankontre yon fwa pa semenn nan lokal SantRova a. Chak club ap gen 12 manb maximum. Yon ekip ki gen ladan l yon kapitèn ak yon ko-kapitèn, ki soti nan Sosyete Amílcar Cabral, ap dirije chak ekip.
Gen twa tip club :
- syans
- echèk
- literati
Kòdonatè depatman an ap anonse lè enskripsyon ap fèt.
Frè divès
Frè patisipasyon pou club yo se 500 goud pa mwa. Yon timoun ka chwazi patisipe nan plis pase yon club, sèlman si gen plas vid nan yon ekip e si pa gen deman pou plas vid la. Okenn timoun pa ka fè pati plis pase yon club si gen demand pou plas vid yo. Yon timoun ki chwazi patisipe nan de (2) club alafwa ap peye doub frè mansyèl la. Chak club gen depans pa li, alò pa gen rabè ki asosye ak patisipasyon nan plis pase yon club.